Kite Ke m Pale (ePub)
(Sprache: Englisch)
Jacques Pierre louvri ke l de batan nan Kite ke m pale pou l envite nou viv kouman entimite ak pwoblem sosyal pran randevou nan menm kalfou. Powet la fotografye difikilte ak kouran santiman ki travese lavi medam yo. Epi, li wete chapo li byen ba pou li...
sofort als Download lieferbar
eBook (ePub)
12.49 €
6 DeutschlandCard Punkte sammeln
- Lastschrift, Kreditkarte, Paypal, Rechnung
- Kostenloser tolino webreader
Produktdetails
Produktinformationen zu „Kite Ke m Pale (ePub)“
Jacques Pierre louvri ke l de batan nan Kite ke m pale pou l envite nou viv kouman entimite ak pwoblem sosyal pran randevou nan menm kalfou. Powet la fotografye difikilte ak kouran santiman ki travese lavi medam yo. Epi, li wete chapo li byen ba pou li salye kouraj Martin Luther King Jr, Malcolm X, ak lot lide ki pa te pe batay pou yon minorite ki pran nan cho, e yo mete nan kacho souvan poutet po yo. Pou fini, li envite nou viv de twa powem nan langaj jagon ak bolit, epi yon katafal lot ki fe yonn ak pafen lawouze nou jwenn nan bel lang nou an.Rekey powem sa a se yon envitasyon ote a fe nou tout pou nou dekouvri belte lang nou an. Nan chak grenn mo, ote a plonje ke nou nan lanme Karayib la, kote vag yo fe nanm nou tonbe nan yon ale vini jouk kouran lanmou an rale nou pou nou fe yonn ak powem yo. -Wedsly Turenne GuerrierLang nou ak kilti nou se rezilta kreyativite nou ki pran nanm nan lavi chak kretyen vivan. Se sa potorik ote Jacques Pierre fe nan rekey sa a. Pierre marinen lang nou ak kilti nou ansanm pou ofri nou yon konsonmen kreyativite ki se temwayaj riches kiltirel ak lengwistik Ayiti cheri nou an. -Marky Jean-Pierre
Autoren-Porträt von Jacques Pierre
Jacques Pierre fèt nan vil Okap, e li grandi nan vil sa a tou. Depi 2010, Jacques ak fanmi li ap viv nan North Carolina kote li anseye kreyòl ak kilti ayisyen nan Duke University. Nan lane 2013, Jacques, nan tèt ansanm ak University of North Carolina (Chapel Hill), University of Virginia, ak Vanderbilt University, ofri kou sa a gras ak telekonferans pou etidyan nan lekòl nou sot site yo la. Anvan sa, Jacques te anseye nan Florida International University, ak Creole Institute nan Indiana University.Pierre, nan travay li, toujou ap mande pou yo bay lang kreyòl la plas li nan sosyete a pou pèmèt tout moun jwenn enfòmasyon nan lang lan. Pierre ekri anpil atik nan diferan kalite jounal sou sa. Nan diferan atik sa yo, nou ka site French/Creole Divide (Miami Herald), Creole, a Key to the Haitian Literacy (The Herald Sun), epi Help for Haiti Must Include Embracing Creole (The News&Observer)
Pierre ekri diferan atik an franse ak kreyòl tou pou li mande dirijan lakay li yo pou ba kreyòl la plas li, e li denonse inegalite ak lenjistis k ap minen sosyete a tou. Pami atik li yo nou ka site: Kreyòl pale, Kreyòl ekri (Le Nouvelliste), Lafrans ak Ayiti: Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal (Poto Mitan), epi Haiti: une société aux inégalités monstrueuses (France-Antilles Guadeloupe).
Pou fini, Pierre, ansanm ak konkou etidyan li yo, kreye yon jwèt ki rele Memonèt (Riddles) kote jwèt sa kapab ede anpil moun k ap etidye kreyòl dekouvri diferan aspè nan lang lan ansanm ak kilti Ayiti tou. Nan mwa me 2016 la, jounal ofisyèl Depatman Edikasyon nan peyi Etazini te fè yon rale sou enpòtans jwèt sa kòm bon jan zouti pedagojik pou ede moun ki vle pwofonde lang kreyòl la plis toujou.
Bibliographische Angaben
- Autor: Jacques Pierre
- 2016, Englisch
- Verlag: Light Messages Publishing
- ISBN-10: 1611532108
- ISBN-13: 9781611532104
- Erscheinungsdatum: 10.08.2016
Abhängig von Bildschirmgröße und eingestellter Schriftgröße kann die Seitenzahl auf Ihrem Lesegerät variieren.
eBook Informationen
- Dateiformat: ePub
- Größe: 0.68 MB
- Mit Kopierschutz
- Vorlesefunktion
Sprache:
Englisch
Kopierschutz
Dieses eBook können Sie uneingeschränkt auf allen Geräten der tolino Familie lesen. Zum Lesen auf sonstigen eReadern und am PC benötigen Sie eine Adobe ID.
Family Sharing
eBooks und Audiobooks (Hörbuch-Downloads) mit der Familie teilen und gemeinsam genießen. Mehr Infos hier.
Kommentar zu "Kite Ke m Pale"
0 Gebrauchte Artikel zu „Kite Ke m Pale“
Zustand | Preis | Porto | Zahlung | Verkäufer | Rating |
---|
Schreiben Sie einen Kommentar zu "Kite Ke m Pale".
Kommentar verfassen